
Kenskòf kontinye ap viv anba menas ensekirite, malgre efò otorite yo pou reprann kontwòl zòn nan. Dapre Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) la, Vladimir Paraison, fòs lòd yo rive reprann Kenskòf epi kenbe pozisyon yo apre plizyè entèvansyon resan.
Nan aswè madi 7 avril 2026 la, endividi ame yo te lanse yon tantativ atak sou sant vil Kenskòf la. Gras ak vijilans brigad lokal yo ansanm ak ajan PNH yo, atak sa a te rapidman kontrekare. Selon enfòmasyon yo, fòs sekirite yo te reyaji alè pou evite pi gwo dega nan mitan popilasyon an.
Sepandan, sitiyasyon an te deja vin grav depi dimanch 5 avril, kote plizyè fanmi nan zòn Dipen, ki chita apre lokalite Robin nan seksyon kominal GranFon, te oblije kouri kite kay yo. Bandi yo te anvayi zòn nan, simen panik ak dezòd. Se ak entèvansyon brigad BRICK yo, ansanm ak lòt fòs sekirite, ke malfra yo te finalman repouse, ak kèk viktim ki anrejistre nan kan bandi yo.
Pou pa li, Majistra Jean Massillon kontinye lanse apèl bay Leta san pran souf. Li mande pou otorite santral yo mete plis mwayen, plis ekipman ak plis sipò pou konbat bandi ame yo ki pa sispann menase lavi ak byen sitwayen yo nan Kenskòf.
Malgre kèk siksè operasyonèl, kestyon sekirite a rete yon gwo defi nan zòn nan, pandan popilasyon an ap viv nan laperèz chak jou.